LÈT TOU LOUVRI POU PREZIDAN AMERIKEN BARACK OBAMA
KI SÒTI NAN MEN SITWAYEN NAN LEMONN YO

Prezidan Barack Obama,

Nan lane 2008 lè ou vin 44è Prezidan epi premye Prezidan Afriken Ameriken peyi Etazini, moun yo tap tann anpil bagay sou kesyon gwo chanjman ou ta pral fè nan peyi Etazini menmjan tou nan lemond. Valè ou te senbolize epi ou tap pale yo te reprezante nan zye moun toupatou sou latè yon pakèt lespwa ke ta pral gen gwo transfòmasyon ak bèl aksyon pou lapè nan lemond.

Menmsi ou te gen mwens pase yon lane nan pòs la, Komite Nobèl Nòvejyen an te tonbe daplon ak tout rès mond lan pou yo ba ou Pri Nobèl Lapè 2009 la, sèten pa pou sa w te fè pou lapè nan lemonn men pito sou baz sa sitwayen yo te prevwa ou ta pral fè nan sans sa a.

Sitasyon Nobèl la ki gen tout prestij avè l te gen ladan pwen sila yo:

  • “Komite a te bay yon enpòtans kapital a vizyon Obama te gen pou travay dekwa pou pa gen zam nikleyè ankò sou latè”.
  • “Grasa a inisyativ Obama a, Etazini ap jwe yon wòl ki pi konstriktif nan resoud pwoblèm klimatik lemon ap fè faskare avè yo”.
  • “Obama antan ke Prezidan te vin kreye yon nouvo klima nan politik entènasyonal yo. Diplomasi miltilateral la vin repran yon pozisyon santral, ak yon aksan sou wòl Etazini ak lòt enstitisyon entènasyonal yo kapab genyen”.

Met sous sa, nou menm, sitwayen nan lemonn, nou swete ak tout fòs nou ansanm ak èd INISEF, ou konitnye ou rapouswiv san rete objektif pou fè respekte dwa fondalnatal tout timoun yo kèlkilanswa kote yo sòti sou latè: dwa sila yo se swen sante, jwenn manje pou yo manje epi lekòl ak levasyon pou yo.

Yon latè san zam nikleyè, lite kont chanjman klimatik yo, pwogrè nan lapè entènasyonal ak respè dwa fondalnatal tout timoun sou latè, nou swete y ap vin pwen santral politik entènasyonal ou pou kat lane k ap vini yo.

Prezidan Obama,

“Li lè li tann pou nou tout pran responsablite n pou bay yon repons global a pwoblèm global yo". Pawòl sa yo se te pwòp pawòl pa ou. Nou menm, sitwayen sou latè alawonnbadè, nap mande ou preseprese ede lemonn anbake sou bato lapè ak prosperite a.

Pou lane 2013 k ap louvri la, nou priye w resevwa souwè fratènèl bòn sante ak siksè san rete pou ou ak fanmi w.

Marcel Duret
Creole Translation by Myrtho Casseus from Haiti

Click to sign